Vue aérienne de l’hôtel Grenadiers et des piscines du complexe

Otèl · 40 chanm

Otèl Grenadiers

Yon otèl 40 chanm chita nan kè konplèks la, kèk pa de teren an. Li fèt pou ekip ki vin jwe, pou ofisyèl yo, ak pou touris ki vin pou yon match oswa yon evènman.

40

chanm

3

zetwal

50m

pisin olenpik

24/7

resepsyon

Sa otèl la ofri

40 CHANM

40 CHANM

Chanm pou yon moun, pou de, ak suite pou ekip ak fanmi. Tout ak dlo cho, è kondisyone ak entènèt.

PISIN OLYMPIQUE 50m

PISIN OLYMPIQUE 50m

8 koulwa, plis 2 pisin pou antrènman. Yon espas repo ak antrenman pou tout moun ki rete nan otèl la.

MELE NÈT

Fòmil tout enkli: manje, sèvis, ak aksè nan espas konplèks la pou ekip ki vin pou tounwa.

Otèl Grenadiers nan aswè

Bati pou ekip yo

Lè yon ekip vini jwe nan Caracole, li pa bezwen chèche otèl nan yon lòt vil. Li desann nan menm kote li ap jwe a: li antrene, li manje, li dòmi, epi li jwe san li pa fè wout.

  • Kèk minit mache soti nan chanm lan rive sou teren an
  • Chanm pou ekip, pou ofisyèl ak pou sipòtè yo
  • Aksè nan pisin yo pou antrenman ak rekiperasyon
  • Yon sal pou reyinyon ak pou konferans laprès

Rezève pou yon ekip oswa yon evènman

Ekri nou ak dat ou yo, konbyen moun, ak sa w bezwen. N ap prepare yon pwopozisyon pou ou.